U.S. flag

An official website of the United States government

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Envesti nan estasyon rechaj machin elektrik yo

Wednesday, December 4, 2024

Vil la rekonèt enpòtans enfrastrikti Veyikil Elektrik (EV) ansanm ak lòt mòd transpò ekolojik tankou mache, monte bisiklèt, ak transpò piblik. Lè l sipòte yon rezo ekipman pou alimante veyikil elektrik (EVSE) atravè Cambridge, Vil la ka ede fasilite chanjman soti nan machin ki mache ak gaz pou ale nan machin ki mache ak elektrisite.

Genyen prèske 40 chajè vil la posede atravè Cambridge, epi kounye a n ap travay pou elaji rezo chajè EV nou an. Vil la gen yon objektif pou ogmante aksè a chajè veyikil elektrik epi redwi emisyon gaz ki lakoz efè tèmik yo. Enstale chajè veyikil elektrik ede nou reyalize objektif sa yo. Nou te idantifye plizyè sit potansyèl pou enstalasyon an 2024 ak 2025.

Vil la gen yon pwogram pèmi esèy tou pou pèmèt rezidan ki pa gen aksè nan pakin andeyò lari yo chaje machin elektrik yo. Atravè yon aplikasyon sou entènèt, rezidan yo ka aprann plis sou pèmi anyèl la, pri li, kondisyon yo, ak zòn ki elijib pou aplikasyon an. Remak: Si w abite nan yon distans 1/8 mayls de yon estasyon rechaj EV bò lari ki deja egziste nan vil la, ou pa kalifye pou aplikasyon esèy la.

Lwa Right-to-Charge la ki espesifik pou Vil Cambridge epi Gouvènè a te siyen an Desanm 2022 a, fèt pou pwopriyetè inite ki nan bilding Kondo ak plizyè fanmi. Lwa a bay pwopriyetè yo dwa pou enstale chajè EV nan bilding yo a sou depans pwopriyetè a. Se yon elektrisyen oswa yon kontraktè ki gen lisans epi kalifye dwe enstale sistèm chaj EV.

Contact Us

How can we help?

Please provide as much detail below as possible so City staff can respond to your inquiry:

As a governmental entity, the Massachusetts Public Records Law applies to records made or received by the City. Any information received through use of this site is subject to the same provisions as information provided on paper.

Read our complete privacy statement


Service Requests

Enter a service request via SeeClickFix for things like missed trash pickups, potholes, etc., click here