Panèl entègouvènmantal sou chanjman nan klima (IPCC) te pibliye sizyèm rapò evalyasyon li nan dat 20 mas 2023. Rapò a detaye konsekans move ogmantasyon emisyon gaz ki lakoz rechofman planèt la ak risk k ap vin pi danjere e ki pa ka repare si nou pa chanje jan bagay yo fèt. Men, IPCC ofri tou espwa, mete aksan sou chemen pou evite risk sa yo k ap ogmante. Nan Cambridge, n ap travay pou chanje ni nouvo bilding ni bilding ki deja egziste soti nan konbistib fosil pou pase nan sous elektrisite renouvlab pou elimine emisyon yo. N ap travay tou pou elaji ak kreye nouvo pwogram ak politik ki konsantre sou diminye emisyon gaz ki lakoz rechofman planèt la, ogmante eliminasyon kabòn, ak bati rezistans.
Egzijans yo vize gwo emisyon gaz ki lakoz rechofman planèt la
Nan mwa jen, Vil Cambridge te vin premye vil nan peyi a ki egzije bilding ki pa rezidansyèl pou yo diminye emisyon gaz ki lakoz rechofman planèt la ak yon egzijans zewo kabòn nan lane 2035 pou gwo bilding ak 2050 pou bilding ki pa twò gwo. Plis pase nan travay, sa a te dènye etap enpòtan anpil pou vil la anba Òdonans pou divilgasyon itilizasyon enèji bilding (BEUDO), ki te adopte dabò pa Konsèy minisipal vil Cambridge an 2014 e ki mande gwo bilding yo pou yo swiv epi rapòte itilizasyon enèji ak dlo yo bay vil la. Pandan Massachusetts ak peyi a te angaje nan elimine emisyon gaz ki lakoz rechofman planèt la nan lane 2050, Vil Cambridge kounye a te fikse yon objektif inisyal ki pi gwo nan lane 2035 pou gwo bilding ki pa rezidansyèl nan Vil la (100,000 pye kare oswa pi gwo).
Plis pase 300 gwo bilding ki pa rezidansyèl Vil la pral gen obligasyon pou reyalize zewo kabòn pou rive 2035. Pwopriyetè bilding yo dwe elektrifye yon fason efikas bilding yo ak enèji renouvlab - swa lè yo envesti nan panno solè, jewotèmal, lòt solisyon enèji pwòp sou plas oswa achte enèji pwòp, enèji renouvlab – epi elimine itilizasyon konbistib fosil pou yo rive nan zewo kabòn. Avèk adopsyon dènye amannman sa yo nan Òdonans pou divilgasyon itilizasyon enèji bilding lan, emisyon BEUDO Cambridge yo pral redwi apeprè 50 pousan pou rive 2030 parapò ak jodi a epi yo pral redwi apeprè 70 pousan pou rive 2035, sa ki kite yon ti kantite emisyon apre 2040.
"Manda rediksyon emisyon BEUDO yo se sèl lejislasyon amelyorasyon klima ki gen plis enpak Vil Cambridge te janm adopte," jan Iram Farooq te di l la, Asistan direktè minisipal Depatman Devlopman Kominotè a. "Manda sa yo siyale yon gwo dezi Vil la genyen pou l rete an tèt nan chanjman nan klima."
Gwoup ravay zewo kabòn, Komite klima Cambridge, ak Gwoup travay sou kriz klima te ankouraje avansman rapid nan pi fò kondisyon pèfòmans BEUDO.
Pou bay sipò pou pwopriyetè bilding yo pou yo soumèt yo ak règleman sa yo, vil la te pran angajman $ 2 milyon pou yon fon asistans teknik. Vil la pran angajman tou pou fè elektrisite renouvlab disponib anpil pou pwopriyetè pwopriyete yo epi travay kòt a kòt ak Eversource ak lòt sèvis piblik pou asire enfrastrikti ki nesesè yo an plas pou atenn objektif klima nou yo. Sa gen ladan aksè ak elektrisite renouvlab atravè pwogram elektrisite kominotè Vil la.
Avèk BEUDO, gen yon efò san kanpe, efò kowòdone pou diminye pi move enpak chanjman nan klima epi ralanti vitès rechofman planèt la.
Plan solid pou gide aksyon chanjman klimatik yo epi mezire pwogrè
BEUDO se youn nan anpil aksyon kominotè n ap pran ki gide pa Plan aksyon zewo kabòn (NZAP) pou bilding yo. NZAP se plan vil la pou elimine emisyon gaz ki lakoz rechofman planèt la nan tout bilding Cambridge nan lane 2050. Li gen ladan aksyon espesifik pou diminye emisyon, tankou renovasyon bilding ki deja egziste ak teknoloji enèji efikas, pwomosyon sous enèji renouvlab, ak aplikasyon kòd bilding ki bay priyorite ak efikasite nan kesyon enèji. Plan an, sa ki pi ajou nan mwa janvye 2023, te abòde tou enkyetid sou kesyon egalite pou asire benefis yo distribye san fòs kote nan mitan tout manm kominote a. Yon tablo NZAP bay yon apèsi klè sou pwogrè pou rive nan objektif 2050 nou an pou nou vin yon kominote zewo kabòn.